Nòt pou laprès

Fanm-OPL ap di solidarite yo ak fanm nan katye popilè yo

Kowòdinasyon Nasyonal k ap travay nan OPL pou kreye yon rapò pi ekilibre ant fanm ak gason nan Pati a ak nan sosyete a, voye solidarite l bay tout fanm nan katye popilè yo, ki depi plis pase 2 lane, anba gwo menas ak zak vyolans chèf gang ki achte katye sa yo pou lajan kontan. Si sitiyasyon latwoublay, vyolans san parèy tankou sa n ap gade la a nan katye Bèlè depi jou lendi 31 dawout la, touche tout moun nan katye yo, gen yon bagay anplis chèf gang yo ap fè fanm ak tifi yo peye. (dimansyon opresyon seksyèl zak vyolans yo)

Dènye rapò òganizasyon k ap defann dwa moun yo nan peyi a, montre n sa klè, lè yo rapòte ki kantite ka kadejak yo anrejistre nan ankèt yo mennen sou teren an dènye lane ak mwa sa yo, ki sible espesyalman fanm ak tifi. Nan site solèy sèlman ki se youn nan komin kote gang yo ap feraye, sòti nan mwa jen pou rive mwa dawout, genyen pou pi piti 18 ka kadejak ki fèt kont fanm ak tifi, selon dènye rapò RNDDH la. Vyolans sa yo rete youn nan pi gwo mak fabrik tout sosyete miwo-miba, kote fanm ak gason pa gen menm dwa. Se sa k fè, nan moman vye boulvès politik , nan moman lagè, kadejak se premye zam, bandi, asayan, itilize kont fanm. Se yon zam puisan ki atake yo nan kò yo ak nan diyite yo. Se ak tout fòs nou, nou menm fanm OPL, nou voye jete tout eksplikasyon ki vle prezante fanm viktim kadejak sa yo, tankou yon bann viktim kolateral ki ta twouve yo kote yo pat dwe twouve yo nan moman aksyon briganday, maspinay ap fèt nan katye popilè yo.

Zam kadejak la, se yon zam bandi legal ki santi yo genyen kouvèti gwo otorite nan pouvwa Leta a itilize eksprè pou fèmen bouch tout fanm nan katye popilè ki te prezan an mas, nan dènye gwo mobilizasyon ki fèt nan peyi a 2 dènye lane ki sot pase yo kont deriv pouvwa anplas la.

Zam kadejak la, se yon avètisman, yon pratik gwo ponyèt, gang yo itilize pou anpeche fanm yo kontinye mobilize pou yon chanjman total kapital nan peyi a, pou yon demen miyò pou yo ak pitit yo, pitit pitit yo, kote nan anpil ka, se yo k ap pote tout yon fanmi poukont yo sou do yo. Kidonk, kesyon kadejak la, se yon kesyon politik ki merite menm tretman ak tout lòt yo nan deba piblik la. Li dwe, jounen jodia, nan nannan estrateji batay tout fòs pwogresis, demokratik ak popilè nan peyi a, k ap lite pou tabli yon sosyete san fòs kote, yon sosyete ki chita sou respè diyite ak dwa moun.

Nou menm, fanm OPL, nou estomake anpil lè n ap gade kijan otorite yo, enstitisyon Leta ki la pou garanti ak pwoteje dwa tout fanm yo nan peyi a, montre yon endiferans total sou sitiyasyon malouk sa a fanm yo ap viv nan katye popilè yo. Se yon atitid ki di nou, ki kalite mepri, pouvwa Tèt Kale a genyen pou fanm ak tifi nan peyi a ; Lè se pa do yo li kòche ak betiz, se tou 2 je l li fèmen sou zak kadejak y ap sibi anba men bandi. Se sa k fè nan OPL , nou di : Fanm nan katye popilè yo, pa gen anyen yo ka espere nan men pouvwa sa a. Se bonjan aksyon solidarite ki pou mete sou pye, bò kote òganizasyon fanm, òganizasyon dwa moun, pati ak mouvman politik, sendika elatriye, isit tankou nan dyaspora a, ki ka ede yo rale yon souf, nan maswife gang yo ap fè yo monte pa do.

Se ak solidarite nou tout y ap rive rejwenn diyite yo !

Pou Kowòdinasyon Nasyonal k ap travay nan OPL, pou kreye yon rapò pi ekilibre ant fanm ak gason nan Pati a ak nan sosyete a :

Wiline ALCIUS
Kowòdonatris

Pòtoprens, vandredi 4 sektanm 2020